Ann Batay Pou Lavi

Start listening

« Kwonik yon Dayiva se moman pam! » Se pa pou san rezon se premye sa m di nan entwo kwonik lan. E kwonik sa se refleksyon ak lekti pam sou lavi ak kondisyon lavi fanm an patikilye. Tout sa ki fè m poze tèt mwen kesyon, poze moun kesyon. Tout sa ki fè m plonje nan liv  ak dokimantè pou m konprann plis sosyete a ak moun li kale yo. Kwonik la se tout sa ki preyokipe m. Se blag mwen, istwa pèsonèl mwen. Se espas poum di sa m panse paske wi, fanm ka di sa yo panse nan espas piblik la.